Prezantasyon Kou a
Nan epòk dijital jodi a, sistèm Point of Sale (POS) oswa Pwen Vant vin nwayo fonksyònman anpil biznis. Kit se pou yon ti boutik lari, yon depo, oswa yon antrepriz ki pi estriktire, metòd kaye ak kreyon an montre limit li rapidman.
Yon POS pa sèvi sèlman pou tape yon pri epi anrejistre yon lavant. Li se yon vrè zouti jesyon ki pèmèt ou kontwole envantè ou, konnen pwofi nèt ou fè an tan reyèl, swiv pèfòmans anplwaye yo, epi pi byen konnen kliyan ou yo.
Nan kou sa a, ou pral dekouvri konsèp fondamantal sistèm POS yo. Apre pati teyorik la, ou pral pase nan pratik avèk Zobaze POS, yon aplikasyon inivèsèl pwisan ak senp ou ka itilize dirèkteman sou telefòn oswa tablèt Android ou. Kou sa a fèt yon fason pwogresif: nou kòmanse ak konsèp debaz yo, nou konfigire zouti a etap pa etap, epi nou fini ak senaryo pratik kote w ap kapab pilote yon pwen vant poukont ou.
Poukisa ou dwe aprann POS Mobile ?
Imajine yon ti biznis Ayiti (tankou yon quincaillerie oswa yon mini-market) ki gen plizyè dizèn oswa santèn pwodwi nan estòk. Si pwopriyetè a ekri tout lavant nan yon kaye, l ap enposib pou li reponn kesyon sa yo rapidman:
- Konbyen lavant total mwen fè jodi a?
- Ki pwodwi ki vann plis epi kiyès ki prèske fini (ripti estòk)?
- Konbyen pwofi nèt mwen fè apre mwen fin wete pri acha a?
- Ki kliyan ki gen dèt ki poko peye?
Yon sistèm POS Mobile rezoud tout pwoblèm sa yo nan yon sèl kote. Aprann sistèm sa a, se pa sèlman aprann itilize yon aplikasyon, se aprann kijan pou w dirije yon biznis tankou yon pwofesyonèl.
Objektif Pedagogik
Nan fen kou sa a, w ap kapab :
- Konprann prensip POS Mobile :
- Eksplike wòl ak avantaj yon sistèm pwen vant mobil nan yon antrepriz.
- Itilize vokabilè POS la :
- Defini ak manipile tèm tankou tranzaksyon, SKU, envantè, variant, ak rapò vant.
- Konfigire yon antrepriz :
- Kreye epi pèsonalize pwofil yon biznis sou aplikasyon Zobaze POS.
- Jere Envantè a :
- Kreye kategori, ajoute atik, mete pri, epi swiv nivo estòk pou evite mank.
- Fè tranzaksyon :
- Anrejistre lavant rapidman, aplike rabè, epi jere divès mòd peman.
- Analize rapò biznis :
- Konsilte total lavant, swiv pwofi, idantifye estòk ki fèb, epi kontwole dèt kliyan.
Konesans de baz ki nesesè
Okenn konesans avanse pa obligatwa! Kou sa a ouvè pou tout moun. Ou jis bezwen konnen:
- Itilize yon smartphone (navige, telechaje yon aplikasyon).
- Li epi ranpli yon fòm senp (antre non, pri, elatriye).
- Gen yon konpreyansyon debaz sou operasyon yon ti komès.
Zouti nesesè :
- Yon telefòn, yon tablèt Android oswa yon Machine POS.
- Aplikasyon Zobaze POS (vèsyon v2.7.71 oswa pi resan).
- Yon koneksyon entènèt (pou premye konfigirasyon an ak sinkwonizasyon done yo).
Plan Kou a
CHAPIT 1
Dekouvri Sistèm POS Mobile ak Vokabilè Debaz
- Leson 1 : Konprann konsèp POS ak POS Mobile
- Leson 2 : Metrize vokabilè teknik pwen vant lan
- Quiz
CHAPIT 2
Konfigirasyon ak Kreyasyon Antrepriz ou sou Zobaze POS
- Leson 1 : Kreye yon kont ak yon nouvo antrepriz (Nouvo kliyan)
- Leson 2 : Jesyon plizyè antrepriz ak Envitasyon anplwaye
- Leson 3 : Eksplorasyon Dashboard la ak Meni Paramèt yo
- Quiz
CHAPIT 3
Jesyon Envantè ak Pwodwi (Stock)
- Leson 1 : Kreye ak òganize Kategori Pwodwi yo
- Leson 2 : Ajoute atik, mete pri, epi jere Variant yo
- Leson 3 : Swiv pri acha (pwofi) ak alèt estòk fèb
- Quiz
CHAPIT 4
Operasyon Lavant ak Kase Kòb (Le Compteur)
- Leson 1 : Kreye yon nouvo vant ak navigasyon nan panyen an
- Leson 2 : Jesyon Mòd Peman ak Aplike Rabè
- Leson 3 : Pwosesis finalizasyon ak voye Resi (WhatsApp/Imel)
- Quiz
Chapit 5
Rapò, Analiz Pwofi, ak Jesyon Ekip
- Leson 1 : Lekti ak analiz Rapò Lavant ak Pwofi
- Leson 2 : Jesyon Kliyan ak swiv "Clients dus" (Dèt)
- Leson 3 : Jesyon Pèsonèl: Ajoute anplwaye ak dwa aksè
- Quiz
Pwojè final : Travay pratik pou sètifikasyon
Il n'y a aucune réaction pour le moment.