Devlope potansyèl ou. Transfòme biznis ou.
Kit ou bezwen yon sistèm jesyon entèlijan pou otomatize operasyon w yo, kit ou vle aprann zouti dijital ki pi mande yo, nou ba ou solisyon pratik ki bay rezilta tout bon.
Sispann pèdi tan ak lajan nan metòd tradisyonèl yo
Jere yon magazen, yon lekòl oswa yon konpayi sèvis ak kaye oswa fichye gaye koute chè epi sa ralanti kwasans ou.
Lè depatman yo pa kominike, pran desizyon vin pi difisil.
Pa kite mank konpetans dijital bloke karyè ou
Mache travay la ap chèche pwofesyonèl ki kapab itilize teknoloji pou yo travay pi vit ak pi pwòp.
Pa rate gwo opòtinite karyè jis paske ou manke pratik sou zouti modèn yo.
Sèvis
Solisyon ki adapte ak chak bezwen
Jesyon biznis
Nou deplwaye solisyon dijital pou òganize tout travay ou yon sèl kote. Kit se pou jere resous imen, finans, stòk, oswa relasyon kliyan, nou rann administrasyon an pi lejè, pi rapid, epi pi an sekirite.
Pwogram fòmasyon
Nou devlope pwogram pwofesyonèl pratik pou pèmèt ou metrize zouti nimerik ki pi mande sou mache a. Nou akonpanye patikilye k ap chèche opòtinite ak ekip k ap chèche pèfòmans.
Maketing ak Kwasans
Nou bati estrateji piblisite sible ak maketing dijital pou mete sèvis ou oswa enstitisyon ou devan je bon odyans la. Jwenn plis enpak, plis kliyan, ak pi bon rezilta.
Nou kiltive inovasyon, senplifye travay yo, epi bay biznis yo yon nouvo souf ak teknoloji
15+
Biznis dijitalize
Plis pase 15 antrepriz ki modènize operasyon yo ak sistèm jesyon.
98%
Satisfaksyon nan akonpayman nou yo
Nou la avèk ou nan chak etap pou garanti siksè pwojè w la
125+
Pwofesyonèl fòme
Plis pase 125 lidè ak pwochen kad ki metrize zouti dijital
Istwa siksè kliyan nou yo
Yo fè nou konfyans.
"Avèk plizyè depo, li te difisil pou n kontwole lavant chak kote an tan reyèl. SITFÒM konekte tout branch yo : kounye a nou swiv aktivite chak kès yo a distans san n pa bezwen deplase."
![]()
"Kòm etidyan nan medsin, nou te bezwen aprann jere done medikal ak estatistik pasyan yo byen vit. Fòmasyon SITFÒM te ban nou an pèmèt kounye a nou kapab òganize ak analize gwo kantite enfòmasyon san difikilte."
![]()
"Avan nou te kontakte SITFÒM, piblisite nou yo sou rezo yo pa t ap pote ase etidyan. Depi yo pran an chaj estrateji piblisite nou yo, paj nou an vin gen plis vizibilite epi nou ranpli klas nou yo pi vit."
![]()
"Vann an gwo ak an detay anmenmtan te rann kontwòl kès la konplike. Solisyon SITFÒM nan pèmèt nou swiv chak goud k ap antre epi fèmen kès nou san okenn erè nan finans yo."
![]()
"Kòm PDG, mwen bezwen swiv biznis mwen an kèlkeswa kote m ye. SITFÒM te ban m yon fòmasyon pratik sou fason pou m jere kès, lavant, ak rapò finansye yo dirèkteman sou telefòn mwen. Sa rann jesyon m pi senp ak pi rapid."
![]()
"Jere stòk yo te yon gwo tèt chaje pou nou. SITFÒM akonpanye nou ak yon sistèm ki pèmèt nou konnen kantite ak pri chak atik an tan reyèl. Nou pa fè pèt nan envantè ankò!"
![]()
Metòd nou nan 4 Etap
Randevou : Yon ti pale gratis pou n konprann bezwen w,
Planifikasyon : Yon plan ki adapte ak pwojè w oswa enstitisyon w,
Deplwaman : Nou enstale solisyon yo oswa nou kòmanse fòmasyon pratik yo,
Akonpayman : Nou rete bò kote w pou nou garanti siksè w sou tèm long.